Fèt pou pi byen òganize biznis ou

Jere biznis ou a
san konplikasyon, menm san entènèt.

PotoBiz jere vant, estòk, kontabilite ak anplwaye pou Komès, Famasi, Restoran ak Pressing. Disponib sou Windows ak Android, tout kalkil an Goud Ayisyen (HTG).

  • 14 jou gratis
  • San kat kredi
  • Travay san entènèt
Travay ofline
Tableau de bord PotoBiz
Ekran chwa tip biznis PotoBiz sou Android
Ekran koneksyon PotoBiz sou Android
Senkwonizasyon Cloud, si w vle
Poukisa chwazi PotoBiz?

Kat modil esansyèl, deja enkli.

Chak modil fonksyone ansanm, nan yon sèl app, san konfigirasyon konplike.

Vant ak Kès

Anrejistre vant, resevwa peman ak jere operasyon caisse chak jou.

Jesyon Estòk

Pwodwi, antre/sòti, ak swiv nivo estòk an tan reyèl.

Kliyan

Istorik acha, balans, ak enfòmasyon kontak pou chak kliyan.

Kontabilite

Jounal Jeneral, ekriti ak rapò kontab, jenere otomatikman.

Vrè kapti ekran

Men app la, an aksyon.

Pa yon maket. Se egzakteman sa ou wè lè w louvri PotoBiz.

App la disponib an franse.

Ekran Accueil PotoBiz, aksyon rapid ak aktivite resan
Accueil · Aksyon rapid, an yon kout je
Ekran Ventes PotoBiz, lis vant yo
Ventes · Kreye e swiv chak vant
Ekran Comptabilité PotoBiz, Journal Général
Comptabilité · Jounal Jeneral otomatik
Ekran Employés PotoBiz, permisyon pa wòl
Employés · Kontwole aksè pa wòl
Konsèy Biznis

3 bagay ki chanje jan yon biznis mache.

Ti reflèks senp ki fè gwo diferans sou dire biznis ou.

01

Separe lajan biznis ak lajan pèsonèl

Lè lajan biznis lan melanje ak pòch ou, ou pa janm konnen si w ap fè pwofi vrèman. Cahier de Caisse PotoBiz la swiv chak antre/sòti apa.

02

Konte estòk ou regilyèman

San yon konte regilye, vòl ak pèt pase inaperçu pandan mwa. Modil Stock PotoBiz la montre w egzakteman sa k rete.

03

Gade chif ou chak semèn, pa chak mwa

Pa tann bout mwa pou dekouvri yon pwoblèm. Tableau de Bord PotoBiz la mete tout enfòmasyon yo yon sèl kote, an tan reyèl.

Toujou gen plis fonksyonalite

De zouti anplis, deja enkli.

Ekran RH / Paie PotoBiz, jesyon bilten peman

Jenere bilten peman an kèk klik

Konfigire salè baz chak anplwaye, epi PotoBiz kalkile prim ak dediksyon otomatikman pou chak bilten.

Asistan PotoBiz, gid entegre nan app la

Yon asistan ki reponn kesyon ou yo, nan app la

Poze yon kesyon tankou "kijan fè yon vant", oswa chwazi yon sijè nan lis la. Asistan PotoBiz la eksplike chak fonksyon, san manyèl apa pou chèche.

Eseye Gratis

14 jou pou teste tout bagay, san risk.

Pa gen kat kredi pou antre. Kreye kont ou, epi kòmanse jere biznis ou a jodi a menm.

Gratis / 14 premye jou yo
  • Tout fonksyonalite debloke
  • San limit sou kantite vant/pwodwi
  • Sipò pa WhatsApp pandan esè a
Kòmanse esè gratis la Wè tout pri apre esè a →

Pare pou jere biznis ou pi byen?

Kòmanse ak 14 jou esè gratis, san kat kredi, san risk.